Envíos en un día, libros seleccionados  Ver más

menú

0
  • argentina
  • chile
  • colombia
  • españa
  • méxico
  • perú
  • estados unidos
  • internacional
portada Demokrasi Ateri (en Creole)
Formato
Libro Físico
Idioma
Creole
N° páginas
232
Encuadernación
Tapa Blanda
Dimensiones
22.9 x 15.2 x 1.2 cm
Peso
0.32 kg.
ISBN13
9781511891882

Demokrasi Ateri (en Creole)

MR Dieury Dumas (Autor) · Createspace Independent Publishing Platform · Tapa Blanda

Demokrasi Ateri (en Creole) - Dumas, MR Dieury

Libro Nuevo

$ 25.23

$ 50.46

Ahorras: $ 25.23

50% descuento
  • Estado: Nuevo
  • Quedan 68 unidades
Origen: Estados Unidos (Costos de importación incluídos en el precio)
Se enviará desde nuestra bodega entre el Lunes 22 de Julio y el Miércoles 31 de Julio.
Lo recibirás en cualquier lugar de Ecuador entre 1 y 3 días hábiles luego del envío.

Reseña del libro "Demokrasi Ateri (en Creole)"

Plis pase 27 an apre 1986, nou dwe rann nou kont ke rezon ki rann Ayiti nan eta sa a. Se paske DEMOKRASI pa janm ATERI nan lespri, kilti ak konpreyansyon mas popilasyon an. Popilasyon an bezwen yon liv tankou: LABIB, KÒD WOUT, 10 KÒMANDMAN... pou aprann pèp li sa ki rele Demokrasi a byen. Nan Konstitisyon peyi a, yo te mete pou yo aprann popilasyon an sa ki rele Demokrasi a, yo pa janm fè sa a. Yo pa mete popilasyon an nan yon lekòl demokrasi. Epi yo vle pou popilasyon an pa; kraze, boule, mal vote, mal fonksyone... Popilasyon an pa konnen anyen nan; leta ki chita sou lalwa, dwa moun, pouvwa jidisyè, pouvwa lejislatif, pouvwa egzekitif, eleksyon, gouvènman... Politik se yon syans, Demokrasi se yon kilti. Pou fonksyone nan politik, ak demokrasi ou oblije etidye, aprann, pratike, ak konnen, nesesite ak aplikasyon koze sila yo. Mwen ekri liv sa a, pou tout 192 pati politik yo, tout popilasyon an, moun anwo, moun anba, fi kou gason. Mwen pa fè diskriminasyon, ni preferans ak lòt move pretansyon ki lakòz peyi a nan eta li ye la. Mwen ekri liv la, se pa pou avanse pwojè pèsonèl pa m, men se pou ede moun ki pa konnen. Tout moun ki pat gen chans jwenn enfòmasyon sa yo tankou mwen. Mwen pa vle kache enfòmasyon sa yo, tankou anpil moun fè, pou kenbe pèp la nan fènwa, mizè, ignorans, sou devlopman... Liv sa a, se yon zouti pou enplante Demokrasi nan peyi a. Kidonk mwen envite nou li liv la, epi pataje sa nou jwenn ak tout lòt nou jwenn sou wout nou. Pa manke pote apò nou ak bon konprann nou nan travay sa a. Liv la pale sou Demokrasi, Eleksyon, Politik. Se yon liv edikatif, pou aprann popilasyon an sa ki nan vant koze sa yo. Pou popilasyon an sispann aji mal, panse nenpòt kòman... Mwen fè yon analyz syantifik, sosyolojik, ak kiltirèl pou konprann pwoblèm peyi a. E pou eseye pote pibon solisyon an. Liv la genyen egzèsis demokratik ladan l, pou ede popilasyon pi byen nan tranzisyon demokratik ki pa vle fini an . VIV AYITI, VIV DEMOKRASI ATERI. Mwen ekri liv la pou plis pase 192 pati politik ki nan peyi ak tout rès pèp la alawonnbadè. Mwen pa kont yon grenn ayisyen oubyen yon grenn ayisyèn. Menm lè, liv la ap pale sa ki pabon lakay frè ak sè m yo, se pa kont mwen kont yo. Lè yon ayisyen, yon ayisyèn ap soufri se tout ayisyen ak ayisyèn k ap soufri, se pou nou konnen sa a byen. Pwoblèm tout ayisyen ak aysisyèn se pwoblèm mwen, tanpri konprann mwen. Ayiti se pou nou, se nou ki pou bati li. E nou dwe kòmanse pa bati chak grenn moun ak bon edikasyon sou DEMOKRASI, POLITIK, ELEKSYON... Liv la pa pafè, men li nesesè pou tout moun nan peyi a, chak ayisyen ak chak ayisyèn ki vivan pou devni bon sitwayèn ak sitwayen pou sove peyi a. VIV AYITI, VIV DEMOKRASI ATERI. Mwen konprann, se pa fòt anpil moun, ki fè yo ap; kraze vit machin, boule kawotchou, vòlè lajan leta, pa janm fè eleksyon, vann pouvwa palmantè yo... se paske yo pa janm etidye politik... Se menm moun sa yo ki poze kandidati yo pou; depite, senatè, prezidan... Se konnen yo pa konnen kisa k ap rete tann yo. Se yon wont li devni pou yo ak pou peyi a, sitou devan lòt pèp sou latè. Nou devni yon pèp san fwa ni lwa, san respè pou règ ak prensip, san responsabilite, san moral ak etik. Liv la vini pou aprann tout moun kisa ki demokrasi, politik, eleksyon. VIV AYITI CHERI, E VIV DEMOKRASI ATERI.

Opiniones del libro

Ver más opiniones de clientes
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)
  • 0% (0)

Preguntas frecuentes sobre el libro

Todos los libros de nuestro catálogo son Originales.
El libro está escrito en Creole.
La encuadernación de esta edición es Tapa Blanda.

Preguntas y respuestas sobre el libro

¿Tienes una pregunta sobre el libro? Inicia sesión para poder agregar tu propia pregunta.

Opiniones sobre Buscalibre

Ver más opiniones de clientes